ABOUT US

ABOUT US

Òganizasyon HOTSPOT ONE (OHO) kreye pou yon dire ilimite. Òganizasyon sa a kapab kraze
pa mwayen yon vòt nan mitan Manb Fonadè yo, Sepandan tout Manb Fonadè yo dwe dakò pou
sa posib. Lè sa a, tout byen ak patrimwàn li pral jwenn yon lòt Òganizasyon ki ap pousuiv menm
objektif avèk li. Nan ka yo pa jwenn, se yon Òganism Leta ki ap benefisye patrimwàn
Òganizasyon HOTSPOT ONE (OHO).

Òganizasyon HOTSPOT ONE (OHO) se yon Òganizasyon Sosyal, ki pa la pou fè lajan, ki pa
nan politik epi ki pap defann nonplis yon kwayans oubyen lafwa nan relijyon. Se yon Òganizasyon
ki la pou rekrite tout sitwayen bòn volonte pou rive fè devlopman solidè nan domèn sosyal nan
kominote ki pi pòv yo nan peyi a pa mwayen Pataj, Antrèd ak Solidarite Sosyal.

Objektif Jeneral Òganizasyon HOTSPOT ONE (OHO) se makònen nou youn ak lòt pou rive fè
tèt kole ak kole zepòl la tounen yon zouti pou chanje lavi moun nan kominote yo.

Objektif Espesifik Òganizasyon HOTSPOT ONE (OHO) yo chita sou 3 aks pwogram nou jwenn
anndan 3 vèb sa yo ki se:

1- Pataje.
➢ Pataje ak moun ki pi pa kapab nan kominote yo.
➢ Pataje ak manb Òganizasyon HOTSPOT ONE (OHO) si sa nesesè.

2- Kreye.
➢ Kreye aktivite sosyo kiltirèl.
➢ Kreye aktivite edikatif, pwofesyonèl elatriye.

3- Ankouraje.
➢ Ankouraje kreyasyon lekòl kominal ak Sant sante.
➢ Ankouraje rebwazman plenn ak mòn yo.
➢ Ankouraje patisipasyon sitwayen yo nan devlopman kominote yo.
➢ Ankouraje tèt ansanm ak kole zepòl tankou yon zouti pou travay ansanm elatriye.

KOMITE OHO

Oganizasyon Hotspot One (OHO) la ap jere pa mwayen yon komite ki genyen non: Komite Manb Fondatè (KMF).

Epi ki ap administre ak yon komite ki genyen senk (5) manb ki se :

Prezidan:

➢ Reprezante ak reponn ak tout konvokasyon, aktivite yo envite Òganizasyon an sou plan nasyonal ak entènasyonal.
➢ Konvoke Komite Manb Fondatè (KMF), ak tout lòt Estrikti Òganizasyon an nan reyinyon Òdinè oubyen Ekstrawòdinè.
➢ Prezide reyinyon Komite Manb Fondatè (KMF) pou yo pran desizyon pou Òganizasyon an.
➢ Prezide seyans Asanble Jeneral ak Asanble Jeneral Manb Òganizasyon an.
➢ Konvoke manb yo nan Asanble Jeneral ak Asanble Jeneral Manb Òganizasyon an.
➢ Delibere sou desizyon ki pou sòti nan Asanble yo: Asanble Jeneral (AJ) Òganizasyon an oubyen Asanble Jeneral Manb (AJM) Òganizasyon an.
➢ Otorize ak Komite Manb Fondatè (KMF) entegrasyon nouvo manb aprè etid ak
verifikasyon dosye kandida a nan Òganizasyon an.
➢ Veye sou bòn mach Òganizasyon an ak sou desizyon Asanble Jenaral (AJ) oubyen
Asanble Jeneral Manb (AJM) yo pran.
➢ Siyen tout dokiman administratif Òganizasyon an.
➢ Bay apwobasyon sou tout depans ki ap fèt sou non Òganizasyon an.
➢ Siyen ak Sekretè Jeneral la pwosè-vèbal reyinyon Komite Manb Fondatè (KMF)
Òganizasyon an.
➢ Siyen ak Responsab Trezò a rapò finansye Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.
➢ Kontwòle tout aktivite Òganizasyon an ap fè.
➢ Resevwa tout rapò Manb Gwoup Teknik Entèvansyon (GTE) ap genyen pou soumèt ak Komite Manb Fondatè (KMF).

Sekretè Jeneral:

➢ Konsève ak ranje tout rejis manb ak tout lis byen, ekipman, materyèl, Òganizasyon an.
➢ Ajoute tout nouvo manb, manb ki kite ak sa ki mouri nan rejis manb Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.
➢ Resevwa epi transmèt dosye nouvo manb Òganizasyon an ak Prezidan pou swivi
➢ Ekri lèt envitasyon, fè apèl ak tout manb Komite Manb Fondatè (KMF) ak rès manb yo ki nan Òganizasyon an lè genyen reyinyon.
➢ Pran nòt lè genyen reyinyon Komite Manb Fondatè (KMF) ak reyinyon Asanble Jeneral (AJ) epi ak reyinyon Asanble Jeneral Manb (AJM) Òganizasyon an.
➢ Ekri tout pwosè-vèbal reyinyon Òdinè ak Ekstawòdinè Komite Manb Fondatè (KMF)
Òganizasyon an.
➢ Fè lekti pwosè-vèbal ak kont randi reyinyon Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.
➢ Anrejistre tout desizyon ki pran nan Asanble Jeneral (AJ) ak Asanble Jeneral Manb (AJM) Òganizasyon an aprè li fini resevwa yo nan men Manb Gwoup Teknik Entèvansyon (GTE).
➢ Jere tout dokiman administratif Òganizasyon an nan tèt kole ak Manb Gwoup Teknik Entèvansyon (GTE).
➢ Klase tout dokiman ki sòti anndan ak deyò Òganizasyon an pou kapab estoke yo sou Sit Entènèt Òganizasyon an ak rejis fizik yo.
➢ Siyen ak Prezidan an pwose-vèbal ak rapò administratif Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.

Responsab Trezò:

➢ Resevwa kotizasyon mansyèl obligatwa ak montan anyèl kès asistans sosyal Komite Manb
Fondatè (KMF) Òganizasyon an.
➢ Jere tout antre ak depans Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an ap fè.
➢ Jere fason lajan ap rantre nan kès ak kont labank Òganizasyon an nan tèt kole ak Prezidan an.
➢ Jere tout depans asosyasyon an ki sòti nan bidjè Komite Manb Fondatè (KMF)
Òganizasyon an te vote a.
➢ Kolekte tout chif sou byen Òganizasyon an posede an espès epi an nati.
➢ Ekri bidjè fonksyonnman Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.
➢ Resevwa bidjè fonksyonnman Manb Gwoup Teknik Entèvansyon (GTE) Òganizasyon an.
➢ Anrejistre tout antre ak sòti lajan Òganizasyon an sou baz dokiman Manb Gwoup Teknik
Entèvansyon (GTE) a ap soumèt.
➢ Mete disponib tout pyès ki jistifye acha, depans, dèt, prè, don sou non Òganizasyon an.
➢ Prezante eta finansye lè genyen reyinyon Komite Manb Fondatè (KMF) epi ak lòt Estrikti Òganizasyon an.
➢ Prezante rapò finansye nan Asanble Jeneral (AJ) Òganizasyon an.
➢ Siyen ak Prezidan an rapò finansye Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.

Pòt Pawòl:

➢ Pran lapawòl nan non Òganizasyon an sou plan nasyonal ak entènasyonal lè Prezidan an anpeche.
➢ Kominike pawòl ak mesaj enpòtan Komite Manb Fondatè (KMF) ak tout rès manb yo epi ak lòt Estrikti Òganizasyon an.
➢ Reprezante Òganizasyon an nan envitasyon ofisyèl yo sou delegasyon Komite Manb Fondatè (KMF).
➢ Fè kont randi lè li deplase nan envitasyon ofisyèl yo ak Komite Manb Fondatè (KMF)
Òganizasyon an epi ak tout rès manb yo.
➢ Fè rapwochman Òganizasyon an ak tout lòt entistisyon tankou prive, piblik, sosyete sivil ak entènasyonal.
➢ Fè pwomosyon ak enfòme lòt moun sou aktivite Òganizasyon an ap fè pou li kapab genyen nouvo manb ak bon renome.
➢ Defann valè, onètete, ak repitasyon Òganizasyon an devan tout lòt mou

Konseye Jeneral:

➢ Bay bon jan konsèy ak bòn direksyon sou tout desizyon ki ap pran nan Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an.
➢ Ranplase yon lòt manb nan Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an lè genyen vakans ak anpèchman.
➢ Akonpaye ak bay asistans ak Komite Manb Fondatè (KMF) Òganizasyon an ak tout lòt estrikti yo nan travay yo ap fè.
➢ Veye sou fason tout Estrikti Òganizasyon an ap fonksyone epi fè rekòmandasyon pou yo rive byen fonksyone.
➢ Sèvi abit lè genyen bouch louvri ak chire pit nan Komite Manb Fondatè (KMF) ak lòt
Estrikti Òganizasyon an.

Retour en haut