Nom de l’auteur/autrice :OHO

PRIM OHO

Selebrasyon Timoun ki Ekselan pandan Peryòd ane 2023 – 2024 la PRIM OHO, yon bèl aktivite ki te mete anplas pa Hotspot One Organization, yon gwoup ki baze nan komin Kafou, te remèt prim espesyal pou timoun ki reyalize bèl mwayen nan lekòl yo pandan peryòd Nwèl la. Aktivite sa a se te yon pati nan yon gwo pwojè ki vize ede 15 timoun ak peye lekòl yo. Nan mitan 15 timoun sa yo, 3 te soti venkè pou ekselans yo e resevwa rekonesans espesyal. Contact Us Premye Plas: Loudschar Serum Loudschar Serum, ki se elèv nan Collège Christophe nan Pòtoprens, pran premye plas la. Li reyalize yon bèl mwayen 38,37 sou 40. Ak ekselans li nan etid yo, li merite yon prim 7,500 goud. Se yon gwo siksè pou Loudschar ki montre kijan travay di ak disiplin ka pote gwo rekonpans. Felisitasyon pou li! https://hotspot-one.org/wp-content/uploads/2024/12/WhatsApp-Video-2024-12-15-at-10.42.35_806104c7.mp4 Dezyèm Plas: Jean Estrella Rosa Jean Estrella Rosa, ki reprezante Institution Mixte Frère Degand, rive nan dezyèm plas. Li reyalize yon bèl mwayen 31,87 sou 40. Li resevwa yon prim 5,000 goud pou bèl mwayen li reyalize nan lekòl li. Jean Estrella se yon egzanp pou kamarad li yo ak tout kominote lekòl li. Bravo pou li ak efò li yo! https://hotspot-one.org/wp-content/uploads/2024/12/WhatsApp-Video-2024-12-15-at-13.56.16_31a255f6.mp4 Twazyèm Plas: Markus Sébastien Antoine Twazyèm plas la tounen Markus Sébastien Antoine, yon elèv nan École Notre Dame de l’Assomption. Li reyalize yon bèl mwayen 31,05 sou 40. Li resevwa yon prim 2,500 goud pou travay di li ak angajman li nan lekòl. Markus montre ke chak timoun gen kapasite pou briye si yo dedye tan ak enèji nan sa yo ap fè. https://hotspot-one.org/wp-content/uploads/2024/12/WhatsApp-Video-2024-12-15-at-11.39.34_f2460376.mp4 Ankadreman ak Enspirasyon Sa se pa yon viktwa sèlman pou timoun sa yo, men tou pou paran yo, pwofesè yo, ak kominote yo ki t’ap sipòte yo pandan tout ane a. Prim sa yo pa sèlman yon rekonpans pou bèl mwayen, men yon envitasyon pou tout elèv travay di e kontinye kwè nan potansyèl yo. Nou swete tout timoun yo yon kontinyasyon ekselan nan edikasyon yo e ankouraje tout timoun pou yo kontinye chache ekselans. Kè kontan, bòn travay, e bòn Nwèl pou tout moun! +1-(347) 777-3602 fe yon don

PRIM OHO Lire la suite »

Dezyèm vèsman kòb lekòl timoun yo

Dezyèm vèsman kòb lekòl timoun yo Anfen, jan nou te planifye sa peye lekol pou 15 timoun ane rive fèt, malgre jan eta peyi a ye la, tout jan pwoblèm ke nou rankontre nou fini ak objektif lan pou ane 2023-2024 a. nou souve 15 paran nan difikilte peye lekòl yo, nou ede 15 timoun fè plis jou sou ban lekòl. mèsi ak tout manb OHO, ak tout moun kite ede nou fè gwosè travay sa, nap travay pou yon lòt ane. GADE TOUT TIMOUN YO LA MEN LIS LEKOL YO Institution Mixte Petit Paradis de Mizou Institution Mixte des Petits Perroquet Institution Mixte les Frères Dégands Nouveau Collège Bon Berger Ecole Classique de MAEDH Ecole Nationale Rep. Centre Africaine Carlis L. Moody Sr Collège Christophe de Port-au-Prince Ecole Notre Dame De l’Assomption E OU MENM SAW AP TANN POUW VINI Kontinye travay la avek OHO KLIKE ISIT LA POUW KOMANSE

Dezyèm vèsman kòb lekòl timoun yo Lire la suite »

Premye vèsman kòb lekòl timoun yo

Premye vèsman kòb lekòl timoun yo Pou ane akademik 2023-2024 la, òganisayon Hotspot One te deside peye lekòl pou kèk timoun ki pi pa kapab nan komin kafou nan peyi dayiti, aprè tout ankè nou te rive fè epi aprè anpil difikilte pou nou te chwazi timoun ki plis nan difikilte yo vre selon bidjè òganizasyon an te genyen nan men li, nou rive pran 15 timoun. se avèk anpil plezini bò kote nou,bò kote paran yo ak lekòl yo san nou pa bliye timoun yo tou jodi a nou peye premye vèsman lekòl la pou yo, kounye a yo tout ka ale lekòl san kè sote. mèsi ak tout moun kite ede nou yo randevou pou mwa janvye pou dezyèm vèsman lekòl la GADE TOUT TIMOUN YO LA MEN LIS LEKOL YO Institution Mixte Petit Paradis de Mizou Institution Mixte des Petits Perroquet Institution Mixte les Frères Dégands Nouveau Collège Bon Berger Ecole Classique de MAEDH Ecole Nationale Rep. Centre Africaine Carlis L. Moody Sr Collège Christophe de Port-au-Prince Ecole Notre Dame De l’Assomption E OU MENM SAW AP TANN POUW VINI Kontinye travay la avek OHO KLIKE ISIT LA POUW KOMANSE

Premye vèsman kòb lekòl timoun yo Lire la suite »

Retour en haut