Premye vèsman kòb lekòl timoun yo
Pou ane akademik 2023-2024 la, òganisayon Hotspot One te deside peye lekòl pou kèk timoun ki pi pa kapab nan komin kafou nan peyi dayiti, aprè tout ankè nou te rive fè epi aprè anpil difikilte pou nou te chwazi timoun ki plis nan difikilte yo vre selon bidjè òganizasyon an te genyen nan men li, nou rive pran 15 timoun. se avèk anpil plezini bò kote nou,bò kote paran yo ak lekòl yo san nou pa bliye timoun yo tou jodi a nou peye premye vèsman lekòl la pou yo, kounye a yo tout ka ale lekòl san kè sote. mèsi ak tout moun kite ede nou yo randevou pou mwa janvye pou dezyèm vèsman lekòl la