Travay nou

KEK TRAVAY NOU FE

Peye lekòl pou timoun yo

Malgre tout difikilte ke peyi ayiti ap sipòte nan moman la a, nou rive retire 15 paran nan difikilte peye lekòl pou pitit yo pou ane akademik 2023-2024. 15 timoun ke paran yo plis pa kapab rive fèplis tan lekòl ke yo rete lakay yo.

Bay Manje ak kèk timoun ki nan difikilte

Jan mizè, grangou ak soufrans anvayi tout kwen nan peyi a, nou te rive bay kèk timoun ak paran ki pa kapab jwenn dekwa pou yo manje, yon ti bagay chak mwa pou yo pase nan bouch yo ak rès fanmi an. nap di mèsi ak tout sak te ede nou yo epi ak ou ki pwal ede nou ane sa.

Bay founiti lekòl ak kèk timoun

Malgre lavi chè, kalamite ak anpil soufrans ki genyen nan peyi a, malgre tout bagay vire tèt anba pou tout moun isit, men bondye te fè nou gras nou rive jwenn kèk ti founiti klasik pou nou te bay kèk timoun ki nan pwogram nan pou yo ka fè ane a anbyen san kè sote pou founiti sa yo.`

Ebyen Se Ou Menm?
Sa ou ap tann Pou ou vini ede nou Nan bèl tavay sa

Mwen dakò ede timoun ayiti
ale lekòl, e ou menm?

Si ou dakò ede nou pa esite fè yon Don oubyen rantre an kontak ak nou 

Retour en haut