Dezyèm vèsman kòb lekòl timoun yo

Dezyèm vèsman kòb lekòl timoun yo Anfen, jan nou te planifye sa peye lekol pou 15 timoun ane rive fèt, malgre jan eta peyi a ye la, tout jan pwoblèm ke nou rankontre nou fini ak objektif lan pou ane 2023-2024 a. nou souve 15 paran nan difikilte peye lekòl yo, nou ede 15 timoun fè plis jou sou ban lekòl. mèsi ak tout manb OHO, ak tout moun kite ede nou fè gwosè travay sa, nap travay pou yon lòt ane. GADE TOUT TIMOUN YO LA MEN LIS LEKOL YO Institution Mixte Petit Paradis de Mizou Institution Mixte des Petits Perroquet Institution Mixte les Frères Dégands Nouveau Collège Bon Berger Ecole Classique de MAEDH Ecole Nationale Rep. Centre Africaine Carlis L. Moody Sr Collège Christophe de Port-au-Prince Ecole Notre Dame De l’Assomption E OU MENM SAW AP TANN POUW VINI KOntinye travay la avek OHo KLIKE ISIT LA POUW KOMANSE

Premye vèsman kòb lekòl timoun yo

Premye vèsman kòb lekòl timoun yo Pou ane akademik 2023-2024 la, òganisayon Hotspot One te deside peye lekòl pou kèk timoun ki pi pa kapab nan komin kafou nan peyi dayiti, aprè tout ankè nou te rive fè epi aprè anpil difikilte pou nou te chwazi timoun ki plis nan difikilte yo vre selon bidjè òganizasyon an te genyen nan men li, nou rive pran 15 timoun. se avèk anpil plezini bò kote nou,bò kote paran yo ak lekòl yo san nou pa bliye timoun yo tou jodi a nou peye premye vèsman lekòl la pou yo, kounye a yo tout ka ale lekòl san kè sote. mèsi ak tout moun kite ede nou yo randevou pou mwa janvye pou dezyèm vèsman lekòl lA GADE TOUT TIMOUN YO LA MEN LIS LEKOL YO Institution Mixte Petit Paradis de Mizou Institution Mixte des Petits Perroquet Institution Mixte les Frères Dégands Nouveau Collège Bon Berger Ecole Classique de MAEDH Ecole Nationale Rep. Centre Africaine Carlis L. Moody Sr Collège Christophe de Port-au-Prince Ecole Notre Dame De l’Assomption E OU MENM SAW AP TANN POUW VINI KOntinye travay la avek OHo KLIKE ISIT LA POUW KOMANSE

Retour en haut